A team of surgeons

                                                                                                                                                                                                                                               

Timè Wilms la

    Jedi 28 out 2020, yon anbilans kanpe nan Pòtay Leogan pou li depose nan stasyon an yon tigason 6 lane ansanm ak papa li. Yon lopital nan vil la fèk sot remèt li paske li fè yon timè Wilms ke yo pakab retire, aprè lit te fin pase 20 jou etène. Timè sa pa sispann fè koule dlo nan zye, lank ak san nan kominote nou an. Kisa time wilms la ye? Repons quesyon sa kapab pèmèt nous sove timoun nou yo, se pou sa menm nou fè prezantasyon an.

 

Kisa ki timè Wilms la ?

Timè Wilms la se timè ren ki pi popilè lakay timoun yo.    

 

Anatomi ren yo

   chak moun gen 2 ren, yo nan vant lan, jis dèyè, nan retroperitwàn nan, youn chak kote kolòn vètebral la. Ren dwàt la yon tijan pi ba ke ren goch la akoz fwa ki sou tèt li.  Koulè li se rouj,  fòm li se tankou yon grenn pistach. Li mezire 10 a 12 cm longè, 5 a 7 cm lajè epi  3 cm epesè. chak ren peze 130 gram Li gen yon bò kap gade andedan ak yon lòt bò kap gade deyò. Bò kap gade andedan an chancre nan mitan, li rele hil, se la tout venn yo, atè yo ak iretè a  antre nan ren an.

Ren yo filtre chak jou 200 lit plasma pou retire dechè ki nan kò a, tankou ire ki se dechè proteyin yo. Ren yo pèmèt tou ekilib dlo ak sèl mineral ki mam kò a nan lè li elimine sa ki anplis yo. Lè pipi an kite ren yo, li ale nan iretè yo, pou li rive nan blad pipi a. Li jis pase nan irèt la lè yon moun ap pipi.

Nou kapab divize andedan ren an an 2 pati:

-premye pati rele medila  ki nan mitan, ki gen koulè roz, ki fòme pa 8 a 18 piramid malpigi. Chak pyramid gen fòm yon pyramid, pwent gade a dedan li debouche nan yon pati ki rele piti kalis pou l’ tonbe nan yon lòt, gran kalis, kole lip ran wout basinè a.

- Dezyèm pati ki antoure pati ki antoure medila  ki rele kòtèks ren.

Lè san an rive nan ren an, li simaye nan plis pase  yon milyon nefron, se yomenm ki motè ren an. Yo reskosab pou yo filtre san an, se sa ki bay pipi a. chak nefron gen yon tèt yo rele kòpiskil ren ki kontinye avèk yon tib fen yo rele tibil ren. Tout kòpiskil ren yo se nan kòtèks ren an yo ye.

 

Epidemyologi

    Genyen 500 nouvo ka chak ane ozetazini, pifò nan yo rive ant 3 ak senk lane avèk yon pik a 3 zan. Li reprezante 6% de tout time ren ki rive lakay timoun. Tiomoun wa yo plis frappe. Yo wè l’ plis kay tifi yo. Li kapab rive yon moun kit te gen yon  fanmi l’  ki te fè l; men nan 97% ka yo li rive san pa gen moun ki te fè l’ nan fanmi an.  Li atake tou 2 ren yon an wens ke 5% ka. An Ayiti li reprezante 0.95%  tout operasyon sèvis chiriji a.

 

Koz maladi a

    Li kapab nan 25% cas genyen koz familyal se sa yo rele koz genetik la, lè sa, nou kab  jwenn li nan sendrom WAGN nan ki genyen : timè Wilms, aniridi, anomali nan pati avek pwoblèm mantal osinon nan sendrom yo rele  Beckwith-Wiedemann nan, kote  anpil ògàn andedan kò a twò devlope.

Nan 05% ka li nik parèt, san moun pa konnen sa ki bay li, men pa bliye, li pi fasil rive kay timoun nwa yo, espesyalman kay tifi yo,

 

Sentom yo

    Nan pifò ka yo, li parèt tankou yon mas   ki akote  vant la, nan flan goch ou dwat lakay yon timoun ki parèt an bòn santé, li pa fè l’ mal. se paran yo ki wè sa pandan yap fè twalèt timoun nan oubyen pandan yap abiye l’. kòm lot sentom  timoun nan ka ap pipi san , li pedi pwa, li kab gen konstiasyon,  fyèv,  tansyon l’ wo. Sa ka rive ke se pandan li fin resevwa yon kou nan vant yo vinn wè sa.

 

Egzamen doktè a kab mande yo

-Radyografi vant la ak toraks la

-Sonografi vant la ak toraks la

-Skanè vant la ak toraks la

-Imaj resonans magnetik pou yo wè si li pa gentan anvayi kè a.

 

Dyagnostik diferansyèl yo se :

Neroblastom

 

Stad

    Sistèm entènasyonal kansè pedyatrik la jwenn 5 stad nan evolisyon timè Wilms la. Nan 2 premye stad yo, li pa yon gwo menas pou lavi pasyan an si li swiv tretman yo, men nan 3 dènye stad yo, li reprezante yon gro malè pandye si pasyan pa kouri al lopital, paske nan stad 4 li gentan anvayi kote ki lwen ren yo enpi nan stad 5, li gentan anvayi lòt ren an.

 

Tretman

    Pou premye stad la osinon stad 2 a, si rezilta biyopsi a pèmèt sa yo fè yon nefrektomi, sa vle di yo retire ren yo epi yo plase pasyan an sou chimiyoterapi (vincrystine ak dactinomycine) pandan 18 mwa.

Pou pasyan kin an stad III yo, si rezilta yo pèmèt yo fè yon nefrektomi avèk radyoterapi nan tout zòn time a te ye a osinon tout vant la epi 21 semèn chimyoterapi

Nan stad 4 la, yo fè yon nefrektomi, yon  radyoterapi vant lan ak poumon yo, epi chimyoterapi pandan 21 semèn

(si venn epatik yo anvayi yo ka fè yon apwòch transtorasik.  Si tou de ren yo gen timè a, yo kite yon pati nan ren yo apresa yo fè chimyoterapi.

 

Pronostik

    Nan gran peyi yo, pasyan kapab viv 4 an apre operasyon an nan 97% ka, epi li tou geri nèt, sitou lè yo rive retire tout time a; menm nan stad 4 la pasyan genyen kapab geri nèt nan 80% ka yo.

 

Prevansyon

    Si nou sispèk yon timoun kapab fè timè Wilms la, daprè sa nou sot pataje avèk ou la, pa pran tan pou ou ale lopital avè l' pou doktè a kapab pran dispozisyon ki nesesè yo. Mèsi anpil !

 

 

 

 

Referans:

edme1609@yahoo.fr

tlmq15@yahoo.com

infochir@gmail.com    http://infochir.wordpress.com/contact/

emiledams@yahoo.com

Schwartz's principles of surgery 10th     https://www.linkedin.com/in/gary-schwartz-md-68179212

lavaudnicodeme@yahoo.fr    https://www.linkedin.com/in/nicodeme-lavaud-391104167

 

 

Date de dernière mise à jour : 11/07/2021